14 Septembre 2003.- LE COIN DE CARL PARLANT DE TOUT ET DE RIEN.-


 

“KWEN KAL RADYO FOKUS” ( new creole version of “Carl’s Corner”) in NEW YORK CITY (Kwen Kal radio fokus, vèsyon kreyol, Nouyok, dimansh 14 septanm 2003).

Sunday, 14 September 2003. Transmitted on “Radio Focus”, New York City.

 

(EXCLUSIVELY A NEW HAITIAN CREOLE VERSION OF “CARL’S CORNER”ON RADIO FOCUS, NEW YORK CITY, EVERY SUNDAY FROM 1300-1330 STARTING SEPTEMBER 14, 2003.)

PWEMYE PAJ.- Zanmi kreyol mwen-yo, bonswa.Tou dabo mwen dedye pwemye pwogram “kwen kal” sa-a sou Radio Fokus pour Roney Tassy ki prete-m anpil liv sou listwa peyi d-Ayiti e kap fete jodi-a 62 rekolt kafe sou planèt-la. Ad Multos Años, Roney.

Bonswa la sosyete. Mwen remesyie Direktè Radyo Fokus Ari Jozèf ki mande mwen pou chak dimansh mwen fè yon rale sou istwa peyi dayiti ak la triye, de inè a inè 30 e pafwa li ka ti gout pli long paske lè Kal koumanse pale li pa tande rete.

Nou tout konnen Ari Jozèf nan Radio Fokus vil Nouyork pa siyen ak prezidan Jan Bètran Aristid e se dwa Ari pou li taye banda li jan li vle.

Sepandan, mwen menm Kal, mwen pral mete piman bouk pa-m nan anpil topik e sa pa vle di pou sa mwen pral jako repèt, e map dako ak Ari sou tout bagay. Viv la diferans, viv la demokrasi. Ma toujou respekte opinion ak desisyon Ari ki Direktè Radio Fokus, anplis se pa sou politik tout tan mwen pral voye moute.

Radyo Fokus gen 10 lanne lap boule Nouyok ak anpil kandida a la prezidans, politisyien plimaj tout koulè ki pase sou-li. Se pa kandida mwen ye, se pa politisyen mwen ye. Plezi pa-m se kronikè.

Ari Jozèf se nèg ki enteresan. Lè li te vin Miyami mwen te apresye kamaradri-li ak bon zanmi-li Bob Jwashen malgre yon vyie malaria ki te fand nan fifty-one Ari. Nou bay kont blag nou. Ari Jozèf se nèg ki gen anpil kouray e mwen respekte-l pou sa.

Alos oshan pou Ari e oshan pou zanmitay nou, men ak tout respè ak zanmitay mwen gen pou-Ari , map repete-li sa pa vle di pou sa mwen pral ashte figu-Ari lè pou mwen voye moute sa mwen kwè ki bon pou peyi d-Ayiti.

Gen lot bagay nan la vi tou, kon bèl fanm gwo jarèt, bèl pawol, bon grog, zanmitay, bon manje, ak konesans listwa ki miyo pase Konvèjans ak Titid maten,midi, swa,  ki deja, onè-respè, pa yon bèl gason, e mwen menm, se bèl medam-yo-m renmen.

Lè sa twop atò mwen renmen moun ban-m zorèy-mwen pou-m pa fin titidye, pou-m pa fin zonbifye. Mwen paka bay Titid tout enpotans sa-a, pou mwen pale de li tout tan, e se pa pou nou bliye li pata opouvwa toujou si li pat gen moun dèyè-li; yon sèl dwèt pa manje gombo. Blan franse renmen deklare: “ Beaucoup d’ennemis, beaucoup d’honneur.” Eske nou kapish?

“Kwen Kal” la sou Radio Fokus se yon nouvo program kon yon ti bebe ki poko mashe,e mwen pral wè sa mwen ka fè pou bebe-a ka ranpe, pou tout diplomat beton vil Nouyok-la e a travè le mond, louvri zorey yo pou koute "Kwen Kal Radio Fokus" chak dimansh granmet la pemèt mwen.

Si yo pap pete-m, si yo pap pase-m nan betiz, de gwo chabrak vil miyami, potoprens, ak washington di mwen “kwen kal” miyami-an se kafe yo le maten; 50 kob ak de gouden pou anpil nèg Lavalas ak Konvèjans. Kal se yon “ti rouj” ki populè. Mwen ta vle wè “kwen kal radio fokus” se ronm punsh nou le dimansh apre midi, se koktèl-nou anvan nou manje jan manman-m te konn pare pou mwen lontan ak yon bon ronm babankou 3 zetwal. Konye-an se ronm babankou 5 etwal, men sa ki pa bwè grog, va bwè kola.  

“Kwen Kal Radyo Fokus”-la se pral yon a la gouj ak piman zwezo   pa-m sou listwa, la ptit istwa, bon bagay, move bagay, deblozay, epi tout kalite bon moun ak vakabon , ayisyien ak letranje, ki depi 1804 ape voye moute nan peyi d-Ayiti.

Zanmi kreyol mwen yo pawol-la pou jodi-an : « Sa manman poul gaye, se sa pitit li manje. » Mwen boure ak piman zwezo . Gen moun ki ka vin renmen "Kwen Kal Radio Fokus" la, gen lot ka gen mal tèt. Sa se pa pwoblèm-pa mwen, vire bouton-an.

Ki jan pwòvèb franse-an di ? : « On ne peut pas plaire à tout le monde et son père. » Pa gen papa, pa gen maman, anko, et mwen gran moun nan tout kow mwen. Chevalie a laso, sa ki mouri zafè-an yo.

De ki prevyien ? Onè-respè, tout sa mwen konnen, mwen pwal rakonte nou, kon sa mwen kwè ki se la verite. Mwen pap voye rosh kashe men e si nou kenbe-m djanm menm jan ak ti-pèp Desalin lan nan peyi  d-Ayiti ak vil Miyami ki kenbe "Kwen Kal"la fèm nan Radio Kanival depi 3 lanne, map pote kole djanm avèk nou tout, jis sa kaba.  

Vin pote kote-kole avè mwen tou. Nou pap regrèt. Mwen pap kite nou domy sou mwen. Se zorey ak bèl pawol nou ki pou enkouraje mwen kontinye nan sa map fè-an, a mwens nou vle mwen ale chita nan calle ocho vil Miyami, pou mwen jwe domino ak ti-granmoun panyol-yo, ape bay de gwo kout pyon epi ape ranni Oye ! Chico! Boulova!

A mwens tou, nou ta vle pou mwen bay pijon-manje nan pak piblik peyi meriken.Tande-m klè kon dlo kokoye, san nou, mwen pa anyen, kreyol pale, kreyol konprann. Map toujou aksepte tout bon kritik sou "Kwen Kal Radio Fokus".

Adrèss entenet mwen se carl@fombrun.com adrèss sit mwen se www.fombrun.com, telefon mwen se 305 271-2748. Se la transparans mwen ye.  Mwen di map toujou aksepte tout BON kritik, se yon mesaj tou, pou de twa ti-mopyon ki gen sou latè, mwen pap bayo, onè-respè, van santi.

Menm sand mwen, yo pap jwenn-li lè mwen fè rout mwen pou peyi san chapo, ale wè pou yo ta jwenn moso kow Kal pou yo mode. Se pa pitimi san gado mwen ye.

Nou tande-m, band de wangatè, malfektè, sanzave, tilolit, lougarou, tèt kololo, nou pap jwenn mwen, onè-respè, pou nou rale menm yon sèl pwèl mwen.

 "Kwen Kal Radyo Fokus" se pral yon a la gouj. Chak dimansh se pral yon sipriz.  Bon, kite-m koumanse anvan tan-m fini sou radio-an. Kite mwen fè yon kout kuyè sou refijye kape debake leta Laflorid nan kantè. Tonton Sam plen fent, lè li vle jwenn solysion pou yon pwoblèm. 

Nou konnen sytèm-lan nan leta Laflorid. Pyie mouye kiben lè yo debake tounen pyie sèk. Pyie mouye ayisyien lè yo debake ret pyie mouye ak imigrasion tonton Sam ki kofre-yo nan yon prizon ki rele Krom, tou pre lakay mwen katyie Kendal vil Miami . Se viand zanolit ayisyien ye.  Prezidan ti-george ak fwè-li gouvènè Jeb Bush nan pyie jwèt-yo.

De pwa ak de mezu ak anpil ipokrizi.  Ayisyien yo tout nan ayayay. Mwen dako peyi meriken se yon peyi souvren, se vre, men lwa-a ta dwe youn pou tout moun. Yon politik move gou. Systèm sa-a se kraze-zo pa sèlman pou ayisyien men pou refijye panyol tou, kote yo separe menm manman ak pitit.

Ki rans sa-a pou yon gwoup refijye sote sou tè fèm e lè sa-a, yo lib rete. Yon lot gwoup refijye fè menm bagay-la, yo mete kod sou yo. Sa se pa la jistis. Li tan pou politik malouk sa-a fini. Lè moun mouri sou lan mè eske se pral yon politik kadav sèk ak kadav mouye, pou ranmase-yo ?

Kon youn de citwayen ayisyien-meriken ki gen plis tan nan gran peyi sa-a, lèzetazini, (yon 57 lanne konsa) se dwa pa-m ak devwa mwen pou mwen deklare, li tan pou jwet Satan sa-a fini, nan pli gwo demokrasi sou la tè. Pa gen aukin patriposh ki gen dwa vin di nou sa map di la-a se voye moute.

Lè mwen tap rale du nan peyi isit pou mwen te frote de zorey bourik mèt ansam, opotinis te renmen di mwen Divalie sete pli gran prezidan sou la tè, tout moun te dwe pe dyiol, men jan ak ti-george kounye-an. Se pou mwen te konprann kow-mwen. Kounye-an lekol lage. 

DEZYEM PAJ.- Gad Kot peyi d-Ayiti paka kontwole malere ayisyien kap debake vil Miami ak peyi Bahamas .Depi lanne 1995 Gad Kot ayisyien yo bloke 2 grenn bato ki tap vin Miami ak boat people yo, e sete chans yo te kontre avè yo . Gad Kot ayisyien-an gen 3 grenn vyie batiman ak yon ti- gas ladan, e yo gen  3  zè-d tan pa jou pou fè patrouy lantouray yon peyi ki gen yon longè de 1100 mil.

Boat people ak trafikan drog yo fè sa yo pi pito. Chat pa la, rat danse.15 pou san trafik drog nan Lamerik si se pa plis, se Ayiti li pase.Gad Kot ayisyien-an se yon pope twèl. La polis peyi Dayiti pa jam kofre pèson pou drog depi lanne 1998, e ak 5 lanne ki pase yo se yon kraze 2000 kilo kokayin li jwenn.

Gad Kot ayisyien-an se yon fos synbolik ki pa gen substans pou li ranpli mision-li, trafikan drog yo konn sa tou.Tout voum se do. Tonton Sam blije mete kanson fè sou li ak plis patrouy. Li kenbe bon relasyion ak Gad Kot ayisyien yo ki asiste-li,  lè li retounen refijie-yo Ayiti Toma. Gad Kot ayisyien-an ap opere nan yon vyie baz navigasyion gouvènman meriken te genyen ki vin fèmen lanne 1995, lè yon jent militè te kite pouvwa-an.

TWAZYIEM PAJ. Lè Gad Kot ayisyien-an te fèk louvri li te gen 122 matlo ladan-li. Yo voye-yo fè antrènman Miami. Ladan 122 matlo sa yo 17 grenn tounen Ayiti. Tout lot yo gaye peyi meriken pou manje bon poul mouri ak ambegè MacDonald. Kounye-an, ofysiel yo pa pran chans. Tout antrènman fèt peyi Dayiti.

Lanne kap vini-a Gad Kot la pwal louvri yon dezièm baz nan vil Okap. Malgre anbago, gouvènman meriken jwenn mwayen pou bay ayisyien 500 mil dola US kon asistans. Gad Kot ayisyien-an se yon fwa pa mwa yo patrouye Lekap.  Twa bato Gad Kot ayisyien-yo se twa model 40 pyie blan meriken te remèt a nèf, lanne 1980.

Yo pa gen twalèt, yo pa gen kabann. Nan pwen bidjè pou gas. Alos matlo ayisyien-yo se kot potoprens-lan sèl yo navige, yo fè patrouy. Pèson pa konnen konbyien kantè ak refijie ladan-yo ki dwe chavire nan lanmè.

Se sa ki tablo peyi Dayiti. Se yon fayit total, kapital, nan tout bagay. Pwemyie batiman Gad Kot peyi Dayiti te rele “Savannah” ak Lyonel Fonbren, fwè mwen ki te komandan-li, e mwen te moute abo-li yon fwa. Sete lanne 1942 anba Lesko kon prezidan.

Lionel te konn rakonte mwen li te resevwa yon fwa, visit Franswa Divalie ki te senp sitwayen, ki pat gen pozision nan leta, men ki depi lè sa-a tape fè konplo nan politik ak Lorimè Deni, mamb nan pati MOP, Mouvman Ouvryie Peyizan Daniel Fignole.

Yon jou , Lionel, anba grog-li, te di mwen ak yon souri tèt chaje, li te regrèt li pat lage futu papa dok an fomasion-an nan mitan lanmè. Lionel  pat genyen yon boul krystal lè sa-a, e li pat konnen sa ki ta pwal pase nan peyi Dayiti ak Franswa Divalye. Nou an lanne 2003 e sa fè yon 61 lanne ki sefwe. Nou gen konye-an twa grenn batiman Gad Kot ki date lanne 1980. Alelouya.

KATRIYÈM PAJ.- Men yon lot ti-pwovèb peyi d-Ayiti : « Pou yon tab byien kanpe fòk li gen kat pyie-li menm longè.” Map ban nou zen si nou vle konprann peyi lèzetazini. Gen yon jounalis meriken ki rele Gary Trudeau. Gary fè  karikatu ak komantè nan anpil jounal sou politisien tonton Sam-yo. Tout komantè li yo chaje ak piman bouk nan yon seksion  jounal-yo ki rele « Doonesbury ».

Jounal piblyie komantè malouk Gary konn fè sou repibliken menm jan ak demokrat, prezidan, gouvènè, senatè, ak la tryie . Anyen pa jam deranje e lape fè sa depi yon 32 lanne. Pèp meriken-an renmen msyie anpil paske li rale zorey tout politisien magouyè yo.

Gary Trudeau marie ak yon gran dam television ki rele Jane Pauley, ki populè tou ak piblik meriken-an depi kèk tan. Gouvènè la Florid Jeb Bush, fwè ti-georges, te sòti pou li fè Gary pantan kon yon jounalis ki te pèmèt-li kritike prezidan nimero 43, Georges W. Bush.

Gary te telman move lè Jeb Bush te kaponnen-li, li deklare : « Dènyie bagay yon politisien dwe di yon jounalis nan peyi isit, se pe dyiol-li, li pa gen dwa a la pawol.Se kounye-an mwen pwal voye moute kont mesye Bush-yo. »

 

Jounalis Trudeau deklare se sa ki job–li pou li kenbe politisien-yo sou pwent zotey-yo. Li di tou : « Mwen pa fè sa pou mwen pran plezi mwen, mwen pa fè sa pou politisien yo move. Se pa yon kont pèsonel mape regle ak pèson. Se travay mwen….Se pou nou di tou Gary ap fè gwo tcho tcho. Anpil kronikè meriken se milionè.

Mwen menm nan « Kwen Kal Miyami» ak « Kwen Kal Radio Fokus » vil Nouyok, ak Direktè Ari Josèf, nou pa gen lajan, nou se malere. Ayisyien se pèp ki pov ak sa ki milionè-yo ki pa depanse fasil.

Diferans Gary Trudeau avèk Ari Josèf epi mwen menm, travay nap fè la-a se paske tou dabo nou kwè ladan-li e nou vle bay yon kontribisyion ; Ari nan politik, mwen men-m Kal mwen nan tout sos. Si kob ta vini nou ta byien kontan, osi lontan nou pa gen moun pou mete babouket nan dyiol nou. 

Mwen pa la-a pou mouri poul mwen. Gen moun ki di se la glwa mwen vle men sa yo pa konprann-la, ak 71 rekolt kafe sou tèt mwen, «  been there and done that ». Se kontribusyon-m pou peyi d-Ayiti, yon peyi kote-m fèt men ki pa ban-m chans viv ladan-li. Petèt jenn moun-yo va aprand kichoy nan tout voye moute mwen-yo e ya gen plis chans pase-m.

Mwen se yon selebrite ki an menm tan se yon sele-bride. Mwen pap vand nanm mwen ni pou la glwa ni pou lè zonè, men sa pa vle di pousa mwen pa apresyie danse, souri ak yon bèl dam epi fè zanmitay ak tout kalite moun. Sa pa vle di pousa mwen pa apresyie konpliman. Sa-l ta ye la-a ? Tout bagay gen pou yo fini sou latè-a. Se ka job-nou pèdu, kay-nou, madanm nou, menm youn de ti mou-nou. Se yon senp kronikè mwen ye e mwen pa gen la sians infuz, sa ki vle di mwen pa yon expè sou tout bagay.

Si mwen paka voye moute, si mwen paka mete piman nan sa map di-an, se konsi yo pran tout zouti-mwen nan men mwen. Mwen pa vle lè jounen-an fini mwen ta kont raz mwen, menm jan ak anpil lot jounalis 2 gouden, tilolit, nou tout konnen. 

Alos mezanmi, pou ayisyien ki trouve, mwen Kal, pafwa pa apropryie nan sa map di-an, se pou nou konprann se kronikè mwen ye, men toujou nan lod , disiplin, onè-respè pou tout moun, men pa jwe ak kob-mwen, pa jwe ak lespri-m.

Se pa Ayiti nou ye, ak dwa la pawol ki wololoy bo-isit. Si nou pèdu mwen lè-m fè rout pou peyi san chapo, mwen vle kwè na jwenn yon jenn gason nan kominote-an, ki konn koute mwen e la va pran la relèv, e la fè kèk tcho tcho, tou.   

CINKYÈM PAJ.- Mwen deja di nou map blayi-n ak pwovèb. Men yon lot: “Chodyè prete pa janm kwit bon manje.” Sa ki vle di: Sa ki pa pou mwen, mwen pa konn bout li.

Mape li yon liv an angle ki rele “Istwa moun ki gen kob, yon gid”. Blan ki ekri liv sa-a se jounalis-kronikè Richard Conniff. Mwen ri kont kow mwen lè msyie ekri nou tout se primat, nou tout se zannimo (ke nou viv Petyonvil, ke nou viv Pari, ke nou viv Nou Yok, ke nou viv Miyami, ke nou viv Cite Soley, se 50 kob ak de gouden) nou tout se chenpanze, nou tout se makak, ki renmen suiv moun ki gen kob pou fè kon yo, byien ke moun rish yo tou se primat, chinpanze, ak makak tou.

La sians deklare 99 pou san ogann jenetik limanite ak ras sourit se menm bagay. Nou menm, moun, nou se tout kalite zanimo sou la tè, ke nou rish ke nou pov. Gen yon milionè ki te chita nan yon bar vil Monako e li deklare tèt kale moun rish, se yon espès zanimo ki pa menm jan ak res zannimo-yo.

Menjan msyie, dekri moun rish: Moun rish dominen moun ak agresion e pafwa ak jantiyès. Yo moutre pouvwa yo nan chans yo pran. Yo gen tandans pou gen pi bon sante pase lot moun. Kay yo, ou byien kondo kote yo viv-la gen yon dwol de resanblans ak primat-yo.

Ale gade pwopriete moun rish-yo e na wè anpil pyie bwa ak gwo bransh ladan-yo; bransh makak renmen al kashe ladan lannwit. Meyè apatman vil New York se nan Central Pak yo ye, kote pyie bwa antoure yo.

Nou pran gwo bilyonè kon Donald Trump li viv menm jan ak ti-milionè yo ki nan vil Potoprens, Palm Beach la Florid, Aspen, vil leta Colorado, ak Monaco kote Prins Renyie se pli gwo primat.

Gen de gwo primat ki viv sou tèt leshèl-la ak lot ti-primat yo kap seye moute.Le moun rish ansanm pli gwo manti yo renmen bay, yo pa interese pou fè lot moun rish parey-yo wè-yo. Adye! Primat-yo depi lè yo fèt se nan natu-yo pou yo fè gwo panpan youn sou lot, menm jan ak moun rish. Yo renmen gen prestij. Yo renmen zen. Nan pwen manti nan sa.

Yo renmen konnen ki fanm ou ki mari ap voye moute youn sou lot. Ki jan yo fè lanmou. Nan limanite, gwo makak, ti makak pretend yo pa renmen tripotay. Adye! Tout sa se mentò. 80 pousan tout konvèsasion sou latè se tripotay. Menm jan ak makak kap fè grimas epi vire ron youn ak lot. Zen, se li ki nannan relasyion sosyal bilionè Donald Trump New York, rive nan ti-Marie, mashand pistash sou chand mas vil potoprens.Se menm lobèy-la.

Mwen pa gen mepri, mwen pa rayi moun rish. Mwen gen tout kalite emosyion pou yo. Gen de twa ladan-yo mwen ta tete lang avè-yo. Youn se Ted Turner, ki fè kado LONU yon bilion de dola pou limanite. Se yon gran blan.Li gen bon kè e se yon alfa-babwen nan fanmi makak la. Nou ka fè kont blag sou li.

Ted Turner gen yon jan ki agresif e sa fasil pou li sanble makak.  Ted Turner resi inpresione 2 lot bilionè-yo Bill Gates, Rupert Murdoch ak yon billion de dola us li bay Nasion Zuni-yo… Se sa yo rele filantropi… Bay oganizasion gwo kob pou jwenn respè ak gratitud.

Mwen gen sinpati pou moun rish ak menm jan pou tout lot zannimo . Si map ekri sou chen enraje mwen seye antre nan lespri-yo. Si map pale sou moun rish yo, menm bagay. Nou tout soti nan men-m ras limanite-an. Mwen konn anpil moun rish, menm nan fanmi-mwen .

Sa ki fè mwen ri-an, nou tout se primat e gen ladan nou ki pa konn sa. Keksyion-an se sou ki etaj nou chita nan leshèl lavi-an. Mesyie, ti-Marie ki travay lakay mwen move avè-mwen paske li di se pa mashand pistash-li ye,li pa manje pistash, se makak ki renmen pistash. Sak tag en nan sa si-li renmen pistash ? Ala yon ti fam siseptib.

SIZYÈM E DÈNYE PAJ.- Bon e pou mwen fini zanmi kreyol mwen yo, sete troket-la men chay-la kounye-an. An nou bay yon lot ti pwovèb: “Nèg rish se milat, milat pòv se nèg.” Vyie pwovèb malouk sa-a pa gen sans anko.

Wi, se vre lontan nan peyi Dayiti se konsa sa te ye paske majorite moun rish yo sete blan ak milat, e kèk fwa, lè yon nèg nwè te vin gen kob li te identifye tèt-li ak klass milat-la, men kounye-a tan yo chanje. Mape pale nou de sa, apre prezidan Titid te fè diskou-li-an mèkredi 4 desanm, 2002, nan vil Okay.

Diskou sa-a mwen paka domy bliye-li, mwen pa ka padonnen prezidan-an a mwens li ta eskize tèt-li pèsonèlman ban mwen ki te pare pou mouri pou-li lanne 1991. Se pou li ta fè eskiz bay Madan-m mwen, yon fam blansh meriken kap kenbe avè-m depi pre de yon 50 lanne, ki te senpatize avè-l men ki pat jan-m foure boush-li nan politik peyi d-Ayiti. Se pou li ta fè eskiz bay Doktè Maten Lutè King Junio ki te di se pou jije yon moun pou sa li gen nan tèt-li men pa pou koulè-li.

Nou resevwa menas move grenn tèt kololo moun rouj ak moun nwè ki rele-nou lavalasyien paske nou tap defand konstitusyon-an. Lè sa-a mwen te ekiri pou Ayiti-an-Mash.  Mwen konnen ma tounen pwa tand anvan Titid va rekonèt fot-li. Kite-m fè sa mwren kapab pou mwen esplike tèt mwen.

Pwemyieman, koulè ki pli inpotan sou la tè jodi-an se pa koulè blan, nwè, rouj, ou jonn,  se koulè vèt la, koulè dola-an. Blan, nwè, milat,chinwa,  lè koulè vèt-la parèt preske yo tout mande pe dyiol. Onè-respè, tout kow-yo gen la twanblay kon si yap fè lanmou lè yo tande se tcho-tcho kap separe.  An Ayiti anpil nèg nwè gen anpil lajan e yo pa nesesèman pou elit milat-la ni pou prezidan Titid. 

Pwop minis jistis msyie-an, Kalix Delatou deklare “Ayiti divize antre de gwoup: Sa ki gen kob yo e sa ki pov yo. Delatou dwe konnen paske se li ki minis la jistis. Ti pèp la blije ale travay tou le jou bondyie fè jou pou li ka manje.

Se dwa prezidan Aristid pou li defand tèt-li lè opozisyon atake-li, men onè-respè, li kite yon move gou nan boush mwen ak diskou li te fè Okay-la. Se demagoji li tap fè. Mesaj division, mesaj panik.

Kite mwen repete yon pati sa li te di pèp-la, fraz pa fraz : “ Ou se peyizan, ou se malere, ou gen menm koulè avè-m. Yo pa renmen-w, cheve-w grenn men jan avèm, pitit ou pa pitit gwo zotobre, yo pa renmen-w.” Anko, onè-respè pou pwemyie majistra nasion-an, se pat yon diskou pou yon prezidan tout ayisyien, men-m pou li men-m ak pwop madanm-li.

Se pa tout moun nan peyi-an ki moun an deyo, se pa tout moun  nan peyi-a ki malere, se pa tout moun nan peyi-a ki gen men-m koulè ak tèt grenn, se pa tout ti moun nan peyi-a ki pitit malere pou koumanse ak pwop pitit pa-li ki se pitit yon gwo zouzoun ki rele prezidan Jan Bètrand Aristid, yon bilionè.

Se dwa majorite-an pou li gouvènen, men se devwa majorite-an pou li respekte minorite-an, menm jan ak peyi tonton Sam kote 5 milyon fwè jwif nou yo ape mennen. 

Mwen men-m, Kal,  kon “ ti rouj “, prezidan Aristid atake-m tou, indirekteman, menm jan ak lot sipotè “ti rouj”  li yo kon Antwann Izmery, Woje Biamby , Jan Dominik, Gladis Lotu, Lila Deskiron, Ben Dupwi e la tryie, pwop madanm-li, prezidan Bill Clinton ak 20 mil solda meriken ki remete-l chita sou chez boure-an.

Li atake tout milat-yo ki se majorite ki siyen akt indepandans peyi Dayiti pou koumanse ak prezidan Alexand Petion; li atake tou, gran milat save-sa-a Alexand Dima ki yè sèlman, peyi La Frans rand homaj kon ekriven, yon pakèt reprezantan la ras nwè, epi LONJE cèkey-li nan Panteon vil Pari ak de blan save kon Vikto Hugo ak Emil Zola.

An menm tan, mwen pa fè tèt mwen aukin iluzion gen vakabon rasis tout koulè, nan lelit-la, nan pèp-la, ki pa vle wè prezidan Aristid, pou koulè-li, pou tèt-grenn li, pou interè pèsonel pa yo tou. Moun sa yo mwen pa siyen avè-yo.

Gen lot ki patriposh Titid te konn kritike-yo ki kounye-a ap tete lang avè-li. Mwen pa siyen avèk magouyè-magouyez sa-yo non plis. Men se pa rezon pou prezidan-an te bouyi–vide tout yon gwoup, tout yon klass, nan men-m chodyè-an. Generalizasion pa a la mod anko. Nou tounen nan menm vyie politik papa dok lontan ak pouvwa nwè, ki pa jam rapote peyi d-Ayiti anyen.

Gen etranje ki two kontan wè division sa-a, pou yo kontinyue separe ayiti-toma an ti-moso. Pouvwa milat, pouvwa nwè, se sa ki fin kaba ak peyi d-Ayiti.

An nou kontinye ak diskou prezidan-an te bay:” Lè yo pa respekte volonte pèp-la se paske yo gen anpil prejije pou ou, sa kap fèt la se pa yon konplo kont prezidan Aristide, se yon konplo kont pèp la, se pèp ayisyien-an yo pa renmen.”

Mezanmi! Mwen konnen anpil milat kon mwen, anpil etranje blan ki pa peyizan, kon fanmy Kennedy-an ak madan-m prezidan Mitterand peyi La Frans ki respekte volonte pèp ayisyien, ki pote kole ak prezidan Aristid, e ki te pran posizion tèt kale kont kou deta jeneral milat-la Raoul Cedras, ak militè nwè kraze-zo-an Michel Franswa te bali.

Dapre sa ki pale se jeneral Cedras yon milat ki sove la vi prezidan-an ak Mishèl Franswa, nèg nwè tèt grenn kon li, ki te vle voye-li nan peyi san chapo. Gen 2 fwè Kennedy peyi isit ki mouri pou dwa moun nwè. Dènyie fwè-an, Senatè Ted Kennedy, tout tan ape kontynue defand pèp ayisyien.Prezidan Aristid konn sa byien jouk-lè li te nan danse ak madan Robert Kennedy nan mariaj pitit-li.

Alos, sa-l ye la-a kounye-a, “en politique la reconnaissance est une lacheté?” Men, kote mwen pantan ak prezidan Aristid se lè li di se pa yon konplo kont prezidan Aristid, se yon konplo kont pèp-la. Li fèm sonje papa dok ki te konn di “vouloir détruire Duvalier c’est vouloir détruire Haiti, je suis le drapeau haitien.” Si prezidan-an te di gen konplo kont pèp ayisyien depi 200 lanne, e san li pa vle, li patisipe ladan-li, mwren ta manyen dako avè-li.  

Pou mwen konklu mwen pwal pale tèt kale avè-nou kon yon kronikè tèt chaje e mwen konnen Ari Jozèf ak anpil nan nou pap dako avè mwen. Men se pa pousa anyen dwe deranje.

Apre tou sa mwen di la-a, mwen toujou kanpe pou prensip konstityonel-la pou prezidan Jan Bètran Aristid fini cink lanne-li yo sou pouvwa-an . Doktrin lavalas la bon, men rezilta-an se yon tristèss, se yon lawont, se vre. Men li tan pou gen yon struktu nan peyi Dayiti kote yon fwa pou tout, kou deta pa akseptab.

Opinion pa-m se pou opozisyon-an pare kow-li pou ale nan eleksyon, travay pou eleksyion-an ka lib. Ki lakyel de vye eskiz sa-a Aristid pral volè eleksyon-an ? Sa pa gen dwa a la mod anko e si pou peyi d-Ayiti vanse pou pli douvan kon tout lot peyi Karayib-yo se pou li fè eleksyon lib. Petèt lè chimè kontre ak mèt ke yo ya va di Aabraham set ase.

Kandida ki pa gen popilarite bat bonda yo. Pèp ayisyien pran konsyans e mwen sèten si yo bali yon chans, la fè tout demagog yo bay la ri a blansh wololoy.

Mwen pap viv Ayiti e mwen pa konnen tout sa kap pase pou kritike Aristide ak opositzion-an a 100 pou san. Se rosh dan dlo mwen ye bo isit, oposizion-an peyi Dayiti se rosh dan soley, ke li se lelit, ke li se pèp.

Mape di-l anko, se pou opozision-an ta pare kow-li pou li fè Lavalas bat dèyè-l nan pwoshen eleksyion lib-yo. Se sa ki va fè lot peyi respekte peyi d-Ayiti. Nou pakab tout tan nan yon chire pit, nan yon koupe tèt boule kay.

Se dan yon 4 mwa konsa pwemyie janvie 2004 ape parèt sou-nou. 200 lanne endepandans. Lod mondial la pare pou bay peyi Dessalin-lan yon bon de ki previen si nou pa konprann kow-nou. Se dènyie chans nou. Mèsi anpil nou tout ki voye-m moute nan sit intènèt George Saati-an www.moun.com 

Sèl jan ma konnen si nou renmen “Kwen Kal Radio Fokus” se si nou voye imèl ban mwen. Ekri-m nan (carl@fombrun.com) .Ma li tout imèl ki bon yo. Si nou vle, rele-m nan 305 271-2748. Mwen pou la transparans.  Na pale dimansh pwoshen si granmèt la vle. A vous Radio Focus International.